Sètzèl = STZL
Sètzèl: Non ak adjektif. Mo kreyòl.
Yon tifi ki gen twòp lespri, ki ka gade moun nan je.
Sinonim: yon moun yo pa ka mete nan wòl li, yon dife nan kann, yon moun ki pa pè moun.
An Ayiti, lè yo vle mete yon tifi nan plas li, yo rele l Sètzèl. Nan lang Kreyòl, yon tifi yo rele Sètzèl twòp pou laj li. Li twò entèlijan, twò sou men l, twò soumoun, twò… twò…. Menm si mo sa a prèske disparèt nan langaj nou, STZL kwè li nesesè pou n kenbe byen vivan, lespri sètzèl la a ki ka ede fanm, tifi, jèn moun, ak kominote ki pi piti yo vin mèt tèt yo.
-

Idantite
Chèche epi fè pwomosyon valè ki sanble nou ki ka fè moun tounen yon meyè vèsyon de tèt yo
-

Feminite
Redefini sa sa vle di pou yon tifi, yon fanm ayisyèn ka vin mèt tèt li, lavi l ak avni l
-

Seksyalite
Fè pwomosyon yon seksyalite ki responsab, kote plezi ranplase laperèz pou jèn moun an Ayiti
Òganizasyon an
STZL se yon òganizasyon feminis k ap remete an kesyon epi pwopoze nouvo lide pwogresis sou idantite, feminite ak seksyalite. Misyon STZL se dekonstwi mantalite tou fèt pou konstwi yon lòt fason panse kote fanm ak tifi, jèn moun ak kominote zwit yo ka redefini tèt yo pou tèt yo.
STZL angaje l nan kreye konvèsasyon ak inisyativ miltimedya orijinal l ki ka enfliyanse diskou piblik la. Travay STZL dekonstwi mantalite tou fèt, defèt pawòl ki pa baze sou verite epi kesyone nòm sosyokiltirèl ki danjere, ki se obstak pou byennèt kolektif nan sosyete ayisyèn lan. STZL se yon lòt pwopozisyon pou chak jenerasyon rive gen zouti pou pi byen defini tèt yo pou tèt yo.
Kontak
Ranpli fòmilè sa a pou w kontakte, sipòte oubyen kolabore ak STZL. N ap reponn ou nan yon ti moman.