-

Idantite
Chèche epi fè pwomosyon valè ki sanble nou ki ka fè moun tounen yon meyè vèsyon de tèt yo
-

Feminite
Redefini sa sa vle di pou yon tifi, yon fanm ayisyèn ka vin mèt tèt li, lavi l ak avni l
-

Seksyalite
Fè pwomosyon yon seksyalite ki responsab, kote plezi ranplase laperèz pou jèn moun an Ayiti
Òganizasyon an
STZL se yon òganizasyon feminis k ap remete an kesyon epi pwopoze nouvo lide pwogresis sou idantite, feminite ak seksyalite. Misyon STZL se dekonstwi mantalite tou fèt pou konstwi yon lòt fason panse kote fanm ak tifi, jèn moun ak kominote zwit yo ka redefini tèt yo pou tèt yo.
STZL angaje l nan kreye konvèsasyon ak inisyativ miltimedya orijinal l ki ka enfliyanse diskou piblik la. Travay STZL dekonstwi mantalite tou fèt, defèt pawòl ki pa baze sou verite epi kesyone nòm sosyokiltirèl ki danjere, ki se obstak pou byennèt kolektif nan sosyete ayisyèn lan. STZL se yon lòt pwopozisyon pou chak jenerasyon rive gen zouti pou pi byen defini tèt yo pou tèt yo.
Sètzèl = STZL
Sètzèl: Non ak adjektif. Mo kreyòl.
Yon tifi ki gen twòp lespri, ki ka gade moun nan je.
Sinonim: yon moun yo pa ka mete nan wòl li, yon dife nan kann, yon moun ki pa pè moun.
An Ayiti, lè yo vle mete yon tifi nan plas li, yo rele l Sètzèl. Nan lang Kreyòl, yon tifi yo rele Sètzèl twòp pou laj li. Li twò entèlijan, twò sou men l, twò soumoun, twò… twò…. Menm si mo sa a prèske disparèt nan langaj nou, STZL kwè li nesesè pou n kenbe byen vivan, lespri sètzèl la a ki ka ede fanm, tifi, jèn moun, ak kominote ki pi piti yo vin mèt tèt yo.
TRAVAY
Pwojè SZTL
STZL kwè nan konvèsasyon ki enfòme, ki baze sou statistik ki ka verifye, ak istwa ki byen rakonte kote moun ka wè tèt yo. Objektif nou se ankouraje echanj kritik ki entèlijan nan mitan moun ak gwoup moun ki pa panse, ki nonplis pa viv menm eksperyans, ki gen diferans nan laj, sèks, seksyalite, politik ak zòn yo rete. Espas STZL kreye yo chita nan respè divèsite ak diferans.
Tout travay STZL chita nan kesyonman idantite, feminite ak seksyalite nan yon mond dijital k ap chanje chak jou pi plis. Chak pwojè reponn ak pwoblematik ki plis pa ka tann nan sosyete a ki ka enspire jenerasyon k ap vin aprè yo, pou yo aji yon lòt jan. Pwojè SZTL yo original, yo parèt sou divès fòma tankou: piblikasyon lide, videyo, son, imaj, ak rankont piblik
STZL kreye pwojè miltimedya ki pouse refleksyon pi lwen epi ankouraje echanj youn ak lòt. .Chak pwojè òganizasyon an gen pouvwa pou transfòme epi enspire moun pran responsabilite tèt yo ak youn pou lòt, nan respè divèsite, kolaborasyon ak yon kominote ki soude.
-

Ban m Di w
Banm di w se yon pòdkas STZL sou sa n ap viv nan entimite nou nan sosyete ayisyèn lan. Pòdkas sa a soti chak 2 fwa nan mwa a sou Apple Podcasts, Spotify, ak SoundCloud.
-

Nou Menm Menm
NMM se yon seri konvèsasyon entim sou pawòl ki merite pale an piblik. Seri sa a disponib sou Youtube ak TikTok.
-

San Filtè
Vwa, istwa ak eksperyans jèn fanm ak jèn gason nan sosyete a san kòmantè. San Filtè bay divès kalite opinyon tout plas la.
-

Kominote a
Lide ki enfòme ki ka pwovoke nouvèl fason panse sou sijè ki gen rapò ak idante, feminite ak seksyalite.
-

Di m Plis
Di m Plis se yon seri STZL k ap poze bon kesyon yo. Seri sa a se reyaksyon ki enfòme sou lide ki pa fè sans ki popilè sou rezo yo.
Fòmasyon
STZL kreye fòmasyon an liy ki bay jèn moun an Ayiti zouti ki ka pèmèt yo gen pouvwa sou lavi yo. Chak fòmasyon reponn ak yon bezwen jèn yo ki pa ka tann. Fòmasyon sa yo aksesib ak tout moun nan lang Kreyòl. Nou kolabore ak pwofesyonèl ak enstitisyon ki pataje menm valè ak nou, k ap fè rechèch pou transfòme mantalite epi ankouraje sovtaj kolektif nan sosyete a.
Travay ak STZL
Nou bezwen plis moun ki ka reflechi ansanm ak nou pou devlope epi sipòte pwojè STZL yo. n ap chèche moun ki gen talan ak konpetans. Moun ki pa wè tèt yo sèlman, men ki valorize enterè kolektif. STZL envesti tan, enèji ak lòt resous pou kreye kominote ki gen plis pouvwa ansanm; nan objektif pou reyaprann nou youn depann de lòt si toutbon nou aspire pou viv alèz ak tèt nou, lakay nou.
Vin travay ak STZL
VIZYON
PWOTOKÒL
STZL aplike zewo tolerans sou tout platfòm li yo ak nan patenarya li. STZL ankoure echankj ki fèt ak lespri louvri nan respè divèsite. Sou nenpòt ki platfòm lan, SZTL pa aksepte atak ki fèt ak move entansyon, pataj move enfòmasyon, mechanste ak layèn.
Kont Instagram Sètzèl la kreye tankou yon eksperimantasyon sosyal
2019
STZL kreye premye pwojè miltimedya San Filtè ki touche plis pase 70 mil moun sou rezo sosyo yo
2020
Angagjman sou piblikasyon STZL yo miltipliye pa 500% sou Instagram
STZL anrejistre nan Ministè Afè Sosyal kòm òganizasyon sosyete sivil ayisyèn lan
Premye sezon pòdkas Ban m Di w la soti. Li nan lis 1% pòdkas yo plis tande nan rejyon Karayib la sou Spotify
2021
Sezon pilòt Nou Menm Menm lan soti sou TikTok, Instagram ak Youtube. Plis pase 50 mil moun sou tout platfòm yo ansanm rive gade sezon sa a.
2022
STZL ap devlope patenarya ki dirab pou vilgarizasyon manda l nan sosyete ayisyèn la
2023
Kont Instagram Sètzèl la kreye tankou yon eksperimantasyon sosyal
2019
STZL kreye premye pwojè miltimedya San Filtè ki touche plis pase 70 mil moun sou rezo sosyo yo
2020
Angagjman sou piblikasyon STZL yo miltipliye pa 500% sou Instagram
STZL anrejistre nan Ministè Afè Sosyal kòm òganizasyon sosyete sivil ayisyèn lan
Premye sezon pòdkas Ban m Di w la soti. Li nan lis 1% pòdkas yo plis tande nan rejyon Karayib la sou Spotify
2021
Sezon pilòt Nou Menm Menm lan soti sou TikTok, Instagram ak Youtube. Plis pase 50 mil moun sou tout platfòm yo ansanm rive gade sezon sa a
2022
STZL ap devlope patenarya ki dirab pou vilgarizasyon manda l nan sosyete ayisyèn la
2023
Kolaborasyon
Sipòte STZL
STZL kwè jenerasyon sa a ka fè yon diferans nan chèche enfòmasyon ki ka ede yo grandi epi ede yo fè chwa ki plis konsyan pou tèt yo ak kominote yo. Òganizasyon STZL la vle plante semans byennèt kolektif la nan tèt chak grenn moun ki konekte ak misyon l nan lespwa sa ap tounen reyalite nou tout.
Eske w konnen yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi tankou STZL konte sèlman sou sipò lajan tankou don ak sibvansyon nan men enstisyon ak moun ki kwè nan travay n ap fè a pou fè yon diferans? Pran yon ti tan pou sipòte travay nou nan kontribye jan w kapab pou n ka pa kanpe nan wout.
SIPÒTE MISYON NOU
Kontak
Ranpli fòmilè sa a pou w kontakte, sipòte oubyen kolabore ak STZL. N ap reponn ou nan yon ti moman.